Kòman ou ta vle

The Gospel GPS Group

0 fans

The Gospel GPS Group


4:00
#1

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

M pa ka ret de bwa kwaze

Kòman w ta vle, pou m ret de bwa kwaze. Ap gade sa kap pase
Fò m reflechi, epi fò mwen aji. Fò m met men, pou sa chanje
Non, non, non, mwen pa janm dwe fè sa. Fò m travay, ak lòt frè m yo
Non, non, non, chita gade pa bay. Fò m travay, pou sa chanje

Lè m enfòme m de sa kap pase chak jou. Se lapenn, se rèl ka makorèl
Se konte kadav, se konte aksidan. Se kout ba kap manniganse
Mwen pa kapab ret endiferan. Fò m travay pou sa chanje. Kòman ou ta vle

Lè m gade byen enstitisyon yo. Se divizyon ak lahèn kap kòmande
Twa ka fanmiy ki egziste fin kraze. Map mande kote sap rive
Mwen pa kapab ret endiferan. Fò m travay pou sa chanje. Kòman ou ta vle

Lè m reflechi si pawòl Bondye pat la. Pou gide nou, pou ba nou direksyon
Si pat gen moun, ki te konn ale legliz. Ki te konn fè byen e kwape sak mal
Nou ta nan ka. Kafe n ta koule ak ma. Fò m fè byen e chase sak mal. Kòman ou ta vle

Gen anpil moun, menm lè yo se pa Bondye. Yo di san fè, e yo fè san di
Pawòl yo pa janmen laverite. Yo tout se manti e yo tout se blòf
Lè yo di w wi, se kòm si yo di w non. Fò m travay pou sa chanje. Kòman ou ta vle

Nan sèvis piblik, toujou genyen plenyen. Nan tribinal, jistis vann pou lajan
Nan biwo yo, gen de pwa de mezi. E toupatou, moun fè moun desepsyon
Kote n prale ak vye abitid sa yo? Fò m travay pou sa chanje. Kòman ou ta vle

Sou latè beni, gen anpil tèt chaje. Nou fin tounen lènmi anviwonnman
Dezas natirèl fin detrui peyi nou. Travay lèzòm fin kraze lanati
Nou transfòme lanati alanvè. Se pa konsa lakreyasyon kontinye. Kòman ou ta vle

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Written by: Tercius Belfort

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Kòman ou ta vle Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Kòman ou ta vle Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 23 Sep. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/9144205/The+Gospel+GPS+Group/K%C3%B2man+ou+ta+vle>.

    Missing lyrics by The Gospel GPS Group?

    Know any other songs by The Gospel GPS Group? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    "Fa-fa-fa-fa-fa-fa-fa-fa-fa-far better Run, run, run, run, run, run, run away oh, oh, oh"
    A Disorder
    B Pulled Up
    C Psycho Killer
    D Uh-Oh, Loves Comes to Town

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    The Gospel GPS Group tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io