TI SINA PA LIMENNA

JUSTMAN UPDATE

0 fans

JUSTMAN UPDATE


4:30
#1

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Group V
Ki definisyon w gen de limenna
Ti sina diferan de limenna
Fow gen tèt fow gen kò pouw limenna
Se pa lew tou limen ou limenna

Ki definisyon w gen de limenna
Ti sina diferan de limenna
Fow gen tèt fow gen kò pouw limenna
Se pa balèn bouji pouw limen na na na na

Fow gen tèt fow gen kò
Kò san tet la s' on mò
San li w pral gen remò
San li w fèk kare mò

Fow gen rekonesans
Bote ak konesans
Karaktè ak pasyans
Pye lejè a pa syans

Fow gen may
Fow met may
Nan chèn lavi w s' on may
W' ensanse siw pa may

Ti sina ou pa limenna ( madan kolo 'k te limenna)
Ti sina ou pa limenna (se man lolo ki limenna)
Ti sina ou pa limenna ( madan justman ki limenna)
Ti sina ou pa limenna

Ti sina fanm ki posede sel kò
Li pa gen lòt opsyon van'n lap van'n le kò
Poul jwenn yon ti job fòl ouvè le kò
Dèfwa'l bay li pa jwenn sou li yo konn fè kò
Yeah nan kantite nèg li gen pi gro rekò
Li bay sakaje'l fòw ta di'l gen de kò
Li panse'l rive paske'l gen yon bèl kò
Pou li santil bèl fò figi'l plen dekò
Son sòlda ki kwè nan konba kò a kò
Tankou moun nan'm ni mare kay bòkò
Ak ezili freda l siyen yon akò
Nan mizik lavi a'l son fo akò
Li pa menm sou lekòl
Se bwè nan klas sou lekòl
Lè li pral fè rout li bay manti sou lekòl
Pou nenpòt ti problèm li bwè alkòl soule kò'l
Li konn soule kòl li pa sou lekòl( bis)
Li pa menm fè efò poul rive nan yon klas poul met kòl
Lè'l wè ti blòdè li pa gen kote poul met kòl
Lè yo mande l fok li bay paske li sanse pa mèt kòt
Lè li vyeyi lap chache yon kote poul met kòl

Fow gen tèt fow gen kò ..........

Ti sina ou pa limenna (limenna pa konn ata gaz)
Ti sina ou pa limenna ( nenpòt ti fransè pa bal gaz)
Ti sina ou pa limenna ( ti sina fok ou chanje faz)
Ti sina ou pa limenna

Limenna pa DHL li pap mache bay livrezon
Son fanm ki kwè nan konesans sa fè'l chwazi bay liv rezon
Li konnen'l ka achte yon liv vyann li paka achte yon liv rezon
Santiman pa vann nan mache li enskri non l nan liv rezon
Li tou l kwè nan kreyon sousi
Men sa paka kreye yon sousi
Lòt fanm pap griyen dan sou li
Neg paka leve men sou li
Sinon lap rele lapolis
Elle veut préserver sa peau lisse
De je'l se lò el konn pri je'l
Ti nejè paka vin prije'l
Limenna son fanm k'al lekòl
Li pa kwè nan mache kale kòl
Sa kap fe biznis sa kap travay
Menm si li bay li pa piyay

Yo di fanm se kajou
Pa mal pou repare
Menm a minwi'l ka jou
Men fok ou prepare
Se nan ri makajou
Limenna te rete
Jou lendi paka jou
Pouw fè epav rete
Mpoko janm we yo repare bwa pouri
Pa griyen danw paske m pa di sa pou ri
Kew vann plezi kew bay plezi
Pou mwen sa pa yon problèm
Men si wap pran plezi san prepare avni
Ti sina w g'on problèm

Ti sina ou pa limenna (Rutchelle guillaume ki limenna)
Ti sina ou pa limenna ( sheshe 22 ki limenna )
Ti sina ou pa limenna ( Raquel pelisye'k limenna)
Ti sina ou pa limenna ......

Manager BELONY
JUNIOR LEBRUM
JOJO SHOV
JUSTMAN NATION

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Written by: DIOSMAN FLEURANT

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the TI SINA PA LIMENNA Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "TI SINA PA LIMENNA Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 22 Jun 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/8398175/JUSTMAN+UPDATE/TI+SINA+PA+LIMENNA>.

    Missing lyrics by JUSTMAN UPDATE?

    Know any other songs by JUSTMAN UPDATE? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    What are Kelsea Ballerini's 2016 and 2019 Country biggest hit singles?
    A Peter Pan, Homecoming Queen?
    B Peter Pan, Miss Me More
    C Love Me Like You Mean It, Peter Pan
    D Love Me Like You Mean It, Homecoming Queen?

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    JUSTMAN UPDATE tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!