Konviksyon
Règleman Afè Popilè
The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com
M pèdi pye m non kòz m te panse m ap bay jarèt Tèt m ap nwaye nan rèv li pandan rès kòm ap payèt Lè ri m fin galonen nan vizaj m met mouchwa Se galon nen k pran kou Rim kap koule jis pran yo kòm mouchwa Revele m fèb nan kantite ak kalite Vire tounen menm lè isi wout kantite a k kalifye Dlo je m tou ble poukò m pap ka wè fòs ladann Pa mande m al poukò m foumi yo di zanmi w mèt trust ladann N Ekri memwa n souvnans nou sou gachèt yon kalash Sèkèy se bwat sekrè n kache soufrans nou chak lè ka grav S on twal m ap penn chak fwa m wè tan yo sonm Penso m pentire wòch k ap fè lanmou ak vit nan janm lari Chak fwa m wè tan yo sonm etwal etenn Penso m pentire tòch k ap fè nanm nou reviv ann pran lari Ann pran lari s on sèman m viv li sensèman Revolisyon s on konsè pran plas sou sèn nan Gen konsyans, gen fristrasyon, gen konviksyon Nou pran responsablite Pou n defann lide n san kondisyon Wi, nou prè pou n fè sakrifis Goumen pou sa ki jis Malgre tout kalte lide nan kalbas tèt nou plis ke nui nou Lakoz gen moun ki pa konprann pouki chak jou n riske vi nou Wi n bay vi nou Kont yon sistèm ki merite chavire Nou konn feblès nou, n konn fòs nou E n konn tout sa k ka rive Zafè sa ki reziyen yo Ki kwè anyen pap jan m chanje Lit se zafè sa k pa gen anyen Ki pa menm ka jwenn manje Se nan dlo je malere Nou jwenn kouray pou nou batay Pou dlo je sa sispann koule Nou pa konnen kisa n ta bay Li klè, nou wè Nou pa gen anyen pou nou pèdi Pou kaba dominasyon Pa gen aksyon ki entèdi Nou bouke pwoteje byen Ki pap itil nou anyen Si nou vle leta brannen Se pwen sansib li pou n manyen Se lavi sa kont sa nou vle pou pitit nou yo Pèp pa konn pèdi batay Se krab yo k pou rantre nan twou yo Pouki sa k ap voye kout pyòch Pa janm gen kòb nan pòch? Men pouki kout kalabòch Bay grandon kòb nan pòch? Kote m leve s on sèl refren n konnen Karayib pa grate mwen Grat! Grat! Grate wòch Ilizyon pou nou touye vè Plonje dèyè rèv mwen Tankou m t on kalabòch Defann menm sa m pa t menm konprann Sansibilite mennen m M p ap kase tèt mwen Si chak fwa m lonje bra m Yo tape m sou do menm M ap kontinye soufle Jiskaske dife m pran Lafimen prèt pou pete je m M kenbe liy mwen Brikè m nan menm M limen pozisizyon m Se prensip ak etik Zafè w si w panse w ka beni m M fwete tout anvi m Kwoke konviksyon nan fetay mwen M kontwole aksyon defini pwòp fay mwen Dèfwa m pèdi kouraj Menm kenbe raj mwen M ap vanse tèt frèt M sou wout la, m pa pran derapin Ou ka konte sou mwen, m p ap pran derapin Yòòò! Yalalala Zabap pap pipe Zoupoudoup toup Zoupoudoup tou wa Pouse Pouse n ape pouse Pouse Pouse ann nou pouse Demen kou jou leve Byennèt n ap akouche Demen kou jou leve Limyè n ap rekòlte
The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com
Written by: Andy Antoine, Bernard Chérélus, Claude Julien, Vanessa Jeudi, Wedly Mozeau
Lyrics © DistroKid
Lyrics Licensed & Provided by LyricFind
Citation
Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:
Style:MLAChicagoAPA
"Konviksyon Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 16 Jun 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/5726482/R%C3%A8gleman+Af%C3%A8+Popil%C3%A8/Konviksyon>.
Discuss the Konviksyon Lyrics with the community:
Report Comment
We're doing our best to make sure our content is useful, accurate and safe.
If by any chance you spot an inappropriate comment while navigating through our website please use this form to let us know, and we'll take care of it shortly.
Attachment
You need to be logged in to favorite.
Log In