160 BARS NOUVÈL DIMNASYON
GBX Fricky
Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!
Gbx Nouvel dimansyon 160 Fricky fricky epi plat men Gen lontan map swiv yon wout sanm pat deplase M te rete nan yon limit sanm pat depase Game lan vin restreint sa'k al lachas pèdi plas Men hélas, yo pagen pri vrèman s'on dal rapè 10 pyas M pote yon chanjman m pa vin korije m vin distrè'm Nouvel dimansyon anba sa'k pa bon m met 10 trè'm M vin sove yon sistèm Olye mwen ekri 10 tèm Ensanse m panse touche sa'k varye yo m rann 10 tèm Map toujou fè bien menm lè lèzòm engra M s'on ti baka ba ka tro long pou mwen menm si m pa gro men m gra M g'on flèv liriks, yon plantasyon skills ki banm yon forè vè E'm fèw wè vè nan plas vèmisèl vèvè sou bit for ever M fèw wè ak verse mwen m genyen batay la menmsi m s'on kòk yon je M kondane poum fight pou siksè'm poko ka pran konje M gen move jan epi'm funny Konstwi bit epi'm fann li M pa protagoniste game sa men se mwen'k Épiphane li Eskizem sim pat di nou map kraze yon bit la Lè rap fèt m pat la men se mwen ki koupe kòd lonbrit la Eske gen yon lwa ki di siw rapè fò jeans li ra bonday? Pouki'n oblije fè rap si lè'n en live nou jwe raboday? Sistèm lan pouri Rap kreyòl nan kouri Verse neg yo se blag toto mwen'm pa menm gen dan pou'm ri M wè pagen skills pagen vibe pagen punch Neg yo ap bege e nan game lan yo bliye sil pagen Panch Kounya'm pral montre'n kole ba chita la pou'n gade Parce que moi j'écris des punchlines à la Mugabe Nou gen pou'n pale tenten e ceci jis nou bade Lè'n wè talan'm se yon machin ki vo plus ke yon Bugatti M pote bon komisyon makout mwen chaje kou leba poto Pou'w ka fè punchline fòw aprann kole ba poto Sinon map toujou pase wo wap pase ba poto Depi'm la pagen but tout shoot ou se ba poto Replase balon'w epi siveye goal ou Re ekri lirik ou yo epi siveye dyòl ou Paske rap pa ti vaz epa ladan pou'w vin vomi Pak ou met kochon domi epa ladan pouw viv homie M ka pran yon poz men sou bit la m pap repoze M depoze sa kap enpoze M ka rale yon souf men pa kwè map ret poze M gade je avan m depoze Si m mete sa la malè pou'm paskem konnenw pral raboubere'l Met chak gro dra pou'w di ou fre dim non e arab ou ye? Kisa'k pi bon ant sa'k kole tèt ak sa'k ini still Li difisil pou'm chwazi ant sa'k pa vo ak sa'k initil Kounya se pi sòt kap pase medyokrite'k priyorize Paske sistèm lan chaje yon dal neg sòt epi yo rusé Ou pap tande PIC, K-libr paske nou gen plis radyomann Ke animatè promotè yo plis kanpe an biznis man Pou neg pwovens santi'l animatè fò li woule break new kapital Ou ki la avel pou'l jwe'w fò'w ba'l yon kapital Men di'm non, konbien nou touche nan men Usher, Justin Bieber Mesye i'm sorry, si se pou mwen nou pap bwè Bière Paske m pap ka peye'w pou'w jwe'l pandan sa'm fè a Good M met mind pou'm peye studio m prije sèvo'm san fè yon goud Lè'w kòmande mizik mw :"Ahh yo poko pote'l isi" Poutan nan chèche break new etranje zye'l kale sou tout sit Toutanw la ak yo ou se epav yo pap apresye talan pre Kanw vire do'w ou fè kèk pa lè sa yap chèche talon pye'w Pou ti grenn rad ou bliye siw se gason e kot tèt ou ye? Ou mete yon tenis kap klere'm dim mon lanp ekotèk ou ye? Ou tounen machann diyite, Bondye wèw espèce de bâtard M paka pale de swagg toutan map fè street ak bata Real la li nan san'm e ceci se 100% m ye M gen koulè viktwa m konn pote tristès tou se tankou san m ye Lè street la tro solid nan likidasyon m konn tante M met 160 bars nan bòl nou pou'm wè si na kontante Si nou konn konte vre dim sou konbien bars m ye la Mpat di'n fè devinèt m wè nou tonbe babye la Badman pa pale anpil donk fò'w konn kòman pou'w sispann nan M g'on clan dan griyen men ki kriyèl pase sousoupannan E sousou pa nan baz mwen yap veye'l kill li Yon real matador pap mete plak nan véhicule li Epi'l sansib a la gachèt pase likilik Nenpòt sèzè ki pile chanm li lap pase li kilik Tout moun gen nesesite ou pa konn kilè yo te Toto Men y'ap pran kou yo pap pale ou pa konn kilè yobte koko Yard la chaje neg men m konnen kèk poko gason Chaje rapè m fè parèt lèd fò'w di se Krèk koko gason Flo'w poko ka sonnen Nan street yo poko Tayson Ou poko gason ou ka taye banda nan slip yo poko caleçon Siw di onè ou pa tande respè poukisa ou antre kanmenm Ou vle use talan'm pou'w fè kòb ou wap toujou wè'm frekan menm M pap fè pou pussy pou sa men wap toujou wè'm fre kanmenm So n'ap fè rap kousi kousa donk nap toujou wè fwèt nan men'm M bezw'on botte sou tout sa ki anpeche'm pou'm make pa Wap bezwen proteksyon'm nan gè men si'w wè kò'w plen mak epa Tatouage men se blessure se swa'w kite'l se swa'w panse Ou pa bezwen di m pap rive m gentan wè se sa'w panse Ou ka wè kote map gade men wap bezwen konn vizyon'm Tèt ou ap pote'l li pa chay kidonk wap bezwen komisyon'm e kòm m s'on envensib de lespri w'ap bezwen wap bezwen konviksyon'm Kòm vizyon'w wè lavi'm an danje wap bezwen konn misyon'm Ajoute m renmen MIC a chak vis a chak mès mwen Epi atann map fè yon lòt prèch rap a chak mès mwen Fidèl yo ap tann m just Fricky fricky dawg Se yon ringtone,epi se yon klaxon poid lourd ki peze milles tonnes Check it, ak kèk fight m tuye loup a Yo pap manje yo fay epi Fricky se lou a Yeah! I'm flying on top now cause i got my wing You can never beat a winner cause he born to win So, by the way look at me now i know you hate homie I don't care boy cause i'm on my way Neg yo sezi wè m inove too M fè yon rap ki good ki merite yon milyon vèt too Franchman m renmen rap men m rayi game lan Gen sa ki fini ki ret la jis paske yo gen non Rap punchline kounya yo pa woule Ou grennen yon plòt ou fè yon hit pou'w soti ou ta dwe kagoule M pa yon bèt ki mare nan chan bwa men gen de jou m pri E pou'm pa bliye m konn rele jah jah konsa gen de jou m priye M fè gro bri lè'm vle achte yon bagay yobfè gro pri E plim m pran pou'm pran plis prim pou'm pèse kite salopri E salòp ri lè'l tande'w di se chak jou ou bezwen fre Pou'm chèche siksè m prete nen chien menm si'l fwèt m bezwen fre En fin bref! Buzz yap chèche fè a se chak jou m rale'l Au pays des lettres yo paka pile a se chak jou m prale Old school shit Au secours shit Si'w santi frap yo trop pou ou di hoss kouche Check it, pa dim li bon par ipokrizi Se trop foli ki fè jodia'n gen yon hip-hop crazy Epòk Fricky pa epòk Weezy Mwen m fè'w reviv epòk Biggy Small 2pac now epa'w crazy! La morale je la nique Ouais! Je la nique Je serais plus célèbre qu'Hitler si je faisais un rap germanique M rap sou raille, sou wout tè e sou asphalte sou adoken Lè wap tandem ou di Good men ou pap banm yon adoken Map kole mo yap kole sottise, yo hate mwen i don't care Ou nan kouplè pi rèd sa ki pral monte a pa yon chœur Kafou pap pele Kaka'men li ka baw sans a samba M pap ba nou souf toutan m pa rape 160 bars 1 6 0 Wa sezi wè Jan m enpoze'm pou'm f'on combat mortel like Sub zero Fò'w di ou wè M extraordinaire M tap fin milyonè si peyi'm te bon Jeff saw di neg? Ede'm konte bars sa'k tizè matematik M pap dakò pèdi pwose san'n pa montre'm atik Neg ki konn ekri ka fè mil style a beat Misil a bik, eksplozyon an se yon rap milti silabik Donk fòw gen konsyans, fòw konn syans, fòw gen konesans Enkonstans ak konstans pagen menm konesans, konn se rans Wap konn plis koz kanw pran'w konnen Epi'm konn sa kap rap konsa konsa kap stop kan'm sonnen Menm lè media ap lache kreten kofre fò Map kontinye fè bon rap pou'm fè kòb pou'm ranpli coffre fort Boycottage pa dim on merde Flo yo sal pati yo lèd M pa bezwen peze vwa'm sou beat la pou'w wè sa'm di yo rèd More mind on my head À passer mon talent m'aide Siw vle use talan'm pou'w fè kob ou m pap pa di'w monchè lanmèd Si Lyrics yo te cheve m te ka jah man Apre track sa si'm pat GBX m te ka diamant M fè'l ni se pa pou'n rele'm papa ni king M se senyè a toutan'n pa korije m pap pa panike'n Avant moi c'était le néant, avec moi c'est tout et après moi c'est fini.
Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer
Written by: Duverna Peterson, Johnson Seant
Lyrics © DistroKid
Lyrics Licensed & Provided by LyricFind
Citation
Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:
Style:MLAChicagoAPA
"160 BARS NOUVÈL DIMNASYON Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 27 Apr. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/4491763/GBX+Fricky/160+BARS+NOUV%C3%88L+DIMNASYON>.
Discuss the 160 BARS NOUVÈL DIMNASYON Lyrics with the community:
Report Comment
We're doing our best to make sure our content is useful, accurate and safe.
If by any chance you spot an inappropriate comment while navigating through our website please use this form to let us know, and we'll take care of it shortly.
Attachment
You need to be logged in to favorite.
Log In