Bon di mwen (feat. Krazy)

Bmney

0 fans

Bmney


3:57

 Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!

Bon di mwen
Eske pou ou sa s'on bon vi
Chak jou'w leve ou pa pwosede 5 kòb peni
Madanm pitit pou'w okipe
Oh wi'm konne sa pa fasil
Pa gen moun ki konsène pou ta rann vi a pi fasil
Pa tann sa yap lonje ba ou a frè mwen
Lite menm lè lavi-a di frè mwen
Toujou bat pou'w fè ak fòs ou
Konsa ya rive trust ou
Se konn kilès ou ye toujou batay pou'w ka rive
Men konnen byen ke'w se gason kenbe kanson'w pou'l pa tonbe
Nou gen kote'n te ka bati
Nou gen pil tè n'te ka pwodi
Nou g'on bann wout pou'n re-konstwi
E'n gon avni pou'n re-bati
Tande vwa'm
Se jis sa map mande
Enstans ki konsène yo
Tanpri pa reprimande'm
Karese rèv ou tout otan'w wè lavi'w andifikilte
Pa ret kwè movetan ak annwi
Ka fè'w rekile
Pa pè fè bwas nan lavi-a
Toujou fè fas ak lavi-a
Bon di mwen
Èske se chanjman ou vin pote
Bon di mwen
Èske timoun yo ap ka manje
Bon di mwen
Èske edikasyon ap prime
Bon di mwen
Ou ohhhhhhhh
Bon di mwen
Èske se chanjman ou vin pote
Bon di mwen
Èske timoun yo ap ka manje
Bon di mwen
Èske edikasyon ap prime
Bon di mwen
Ou ohhhhhhhh
Si'm ta gen pou'm chwazi
Ant lavi ak lanmò
Nan peyi sa map viv la m'pa fè anyen pou'm antò
Tout chay sou do'm
Zanmi fanmi ap try pou blow'm
Men'm jan ak meda'm yo gen anpil kap bat pou bo'm
Ou menm frèm
Just wake-up mind ou
Pa panse lè'n chwazi'w
Se pou'w ka pran pou'w met nan pòch ou
Se pou'w kreye travay bati pon ak wout plis edikasyon
Se pa pou vakans vwayaj abiman mwens delegasyon
Pouki lekòl
Civic ak moral toujou egzije
Poutan prensip lari e lòt kote lwa sa pa aplike
Bon di mwen
Èske se chanjman ou vin pote
Bon di mwen
Èske timoun y'ap ka manje
Bon di mwen
Èske edikasyon a va prime
Ou menm frèm sèm ann aprann viv pou yon sèl koz
Cause tout sak ale gen pou'l tounen sou yon lòt fòm
Pa pè fè bras nan lavi-a
Toujou fè fas ak lavi-a
Menm lè nou pale pa gen moun ki pou reponn
Menm lè nou priye li pa fasil pou nou jwenn gras
Se nou ki pou vote yo
Se nou ki pou kore yo
Se nou ki pou pran swen yo
Se nou ki pou ede yo
Bon di mwen
Èske se chanjman ou vin pote
Bon di mwen
Èske timoun yo ap ka manje
Bon di mwen
Èske edikasyon ap prime
Bon di mwen
Ou ohhhhhhhh
Di mwen
Di mwen
Nou pap neglije menmsi lavia ap mal mennen nou
Nou pap sispann goumen pou sa'n merite
Lavi-a gen twop konsekans
Tanpri frèm pran yon ti payans
Pa koute grangou pou'w fè yon move aksyon
Toujou kwè nan sak nan mind ou
Pa kwè nan sa yap ba ou
Toujou prè pou'w fè travay ou
Pa kwè nan may yap ba ou
Wap viv nan yon peyi pa gen pèsò'n kap ba'w le bras
Apre yon inondsyon pa gen pèsòn pou ba'w yon vye dra
Jiskamentnan timoun ki nan cite ap viv nan mal site
Men pouki apre yon derapaj move zak se non yo kap site
bon di mwen
Yoo dawg
Eske'w ka di mwen
Come on man
Bon di mwen
Èske se chanjman ou vin pote
Bon di mwen
Èske timoun yo ap ka manje
Bon di mwen
Èske edikasyon ap prime
Bon di mwen
Ou ohhhhhhhh
Bon di mwen
Èske se chanjman ou vin pote
Bon di mwen
Èske timoun yo ap ka manje
Bon di mwen
Èske edikasyon ap prime
Bon di mwen
Ou ohhhhhhhh
Di mwen
Di mwen

 Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!

Written by: ANDY DESROSIERS

Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Bon di mwen (feat. Krazy) Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Bon di mwen (feat. Krazy) Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 22 Sep. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/14258207/Bmney/Bon+di+mwen+%28feat.+Krazy%29>.

    Missing lyrics by Bmney?

    Know any other songs by Bmney? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    In Luis Fonsi’s international hit song what does ‘Despacito’ mean?
    A Slowly
    B Carefully
    C Rapidly
    D Generously

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Bmney tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io