Kote Linyon An ?

Manessa

0 fans

Manessa

Manessa is a French singer and songwriter known for her contemporary pop music style. She gained popularity through her catchy melodies and heartfelt lyrics, often exploring themes of love, relationships, and self-discovery. With her unique vocal tone and relatable songwriting, Manessa has captivated audiences and continues to make a mark in the music industry. more »


4:48
#1

 The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com

Y'ap plede di
Peyi mizè peyi malè
Kote moun mache pye atè
Sitwayen pèdi respè
Nan drive sou lòt tè
Poutan nou gen yon bel istwa
N'son pèp ki fyè
Men nou krache sou lonè nou
Nou pa viv an frè ak sè

Kote linyon an
Kote linyon nou te pwomèt zansèt
Kot lanmou nèg ak nègès
Kote linyon an
Kote linyon nou te pwomèt zansèt
Kot lanmou nèg ak nègès

Chak maten lè'n leve
Sèl nouvel n'ape tande
Ayiti bloke Ayiti loke
Ayiti anba dife
Telefòn sonnen kè'n kase
Nou toujou ap redoute
Si gon pwoch k'ale
Si'l pa ka manje
Ou si'l ta bezwen two gouden

M'ap di Bondye mèsi pou two gouden
M'ka fè nan peyi blan
Men two gouden pa sifizan
Pou'm ta di m'ka voye bay toutan
Sa fè'm reyalize ke se paske
Peyi'm pa devlope
Nòmalman tout jèn ta sipoze
Ka fè kòb pou jwi lavi, prepare avni
E itil yon sosyete

Men se domaj
Se konsa bagay yo ye
Se konsa bagay yo ye

Men bagay yo ka chanje
E bagay yo va chanje
Men bagay yo ka chanje
E bagay yo va chanje

Pou bagay yo ta chanje
Fòk nou ta pran konsyans ke peyi a
Se peyi nou li ye
Nou pa ta dwe mize
Sou lòt kote pou sove'n
Nou gen kapasite
Nou bezwen volonte

Bagay yo va chanje
Lè nou va avan tou respekte moun
Pwoteje limanite
Lavi moun pa yon ti flanm dife ou soufle ou etenn
An pansan w'ka relimen'l lè'w vle
Lè'w voye youn ale
Se li men'm nou va manke

Mwen di kote linyon an
Kote linyon nou te pwomèt zansèt
Kot lanmou nèg ak nègès
Kote linyon an
Kote linyon nou te pwomèt zansèt
Kot lanmou nèg ak nègès

M'espere yon jou na di
Peyi limyè peyi bonè
Kote moun mache tèt anlè
Sitwayen travay pou tè
Yo rekolte siksè
Wi, nou gen yon bel istwa
N'son pèp ki fyè
Si nou rekonèt valè nou
Men'm si gen lamizè
Nou va avanse kan mèm

Nou va avanse kan mèm
Nou va avanse kan mèm
Nou va avanse kan mèm
Nou va avanse kan mèm
Nou va avanse kan mèm
Nou va avanse kan mèm
Nou va avanse kan mèm

 The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com

Written by: Manessa Morin

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Kote Linyon An ? Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Kote Linyon An ? Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 14 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/11725416/Manessa/Kote+Linyon+An+%3F>.

    Missing lyrics by Manessa?

    Know any other songs by Manessa? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    "Oh, the misery -- everybody wants to be my _______"
    A enemy
    B fantasy
    C destiny
    D melody

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Manessa tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!