Potpourri

Manès Morin

0 fans

Manès Morin


7:50
#1

 Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer

Kote nou, men nou
Legliz se nou, nou se Legliz
Nou se legliz, legliz se nou

Tout kretyen Dayiti, kòman nou ye
Legliz Jezi-Kri a, kòman nou ye
Misyonè Dayiti, kòman nou ye
Legliz Jezi-Kri a, kòman nou ye

Travay la anpil, men manke ouvriye
Nou gen espwa genyen k'ap vini

Kote nou jenès peyi a
Leve an n'ale
Kote nou jèn misyonè yo
Leve an n'ale
Ane a se pou nou l ye
Nou pral geri malad yo
Men sonn nan zòrèy nou
Sewòm nan pla men nou
An n'al pote li ba yo pou yo kapab sove

An n'al pote l bay dirijan yo
Pou yo kapab sove
An n'al pote l nan lopital yo
Pou yo kapab sove
An n'al pote nan tout peyi a
Pou yo kapab sove

Zanmi souke kò w
Zanmi souke kò w, lè a deja rive
Zanmi souke kò w
Pa kite lan demil lan bare w kote w ye a

Ou menm k'ap sèvi dyab la
Ou deja pèdi
Ou menm ki nan adiltè
Ou deja pa ladan l
Ou menm ki nan koripsyon
Ou deja pèdi
Ou menm kap viv nan peche
Manyè souke kò w

Zanmi souke kò w
Zanmi souke kò w, lè a deja rive
Zanmi souke kò w
Pa kite lan demil lan bare w kote w ye a

Vatikan kote w jwenn mesaj sa a
Jibile lan demil Jezi Nazarèt la, se li n'ap prepare
Monseyè kote w jwenn mesaj sa a
Jibile lan demil Jezi Nazarèt la, se li n'ap prepare
Ay mon pè kote w jwenn mesaj sa a
Jibile lan demil Jezi Nazarèt la, se li n'ap prepare

Mesaj la gaye nan lemonn antye
Al pale yo, di yo vini, se li n'ap prepare
Mesaj la rive nan kè tout ayisyen
Al pale yo, di yo vini, se li n'ap prepare

Jibile ane demil lan
Yon ane lagras ak padon
Nan non Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an
N'ap prepare

N'ap prepare demil ane depi Jezu te vin sou tè a
N'ap prepare demil ane depi Jezu te vin sou tè a

O l te mouri li leve byen vivan
Jezu kraze tout fòs mal la
O lanmò kaba, lavi triyonfe

Jezu te fin byen mouri, li leveee
E yo te byen antere l, li resisitee

O l te mouri li leve byen vivan
Jezu kraze tout fòs mal la
O lanmò kaba, lavi triyonfe

Jezu kenbe m' fèm pou m' pa tonbe
Tanpri ban m' pouvwa sou fòs dyab la
Jou ma delivre a ma fè louanj pou ou

Jou w va libere m' nan
M'a fè louanj pou ou
Jou ou va sove m' nan
M'a fè louanj pou ou
Jou ou va geri m' nan
M'a fè louanj pou ou

Papa, mechan yo atake mwen
Tanpri louvri bra w pote m' sekou
Kèlkeswa sikonstans lan
Kanmenm wa delivre m'

Yo te mèt fè konplo sou do m
Kanmenm wa delivre m'
Menm si yo pesekite mwen
Kanmenm wa delivre m'
Menm si yo te tann pyèj pou mwen
kanmenm wa delivre m'

Jezu de Nazarèt, Jezu de Nazarèt
Jezu de Nazarèt, nou bezwen w isit la

Jezu de Nazarèt, Jezu de Nazarèt
Jezu de Nazarèt, nou bezwen w isit la

Gen sa ki malad yo
Nou bezwen isit la
Gen sa k paralize
Nou bezwen isit la
Gen sa ki pap travay
Nou bezwen isit la
Gen sa k pèsekite
Nou bezwen isit la

Ozana Ozana
Jezu m nan li fè tout bagay
Ozana Ozana
Pap janm genyen tankou l

Sa kite avèg
Li fè yo vin wè
Tout sa kite soud
Li fè yo tande
Sa k paralize
Li fè yo mache
Jezu sila li pa gen parèy

Ozana Ozana
Jezu m nan li fè tout bagay
Ozana Ozana
Pap janm genyen tankou l

Oooo gadon y'Jezu
Li ban nou lavi
Oooo gadon y'Jezu
Li fè n' pot laviktwa
Oooo gadon y'Jezu
Li geri malad
Oooo gadon y'Jezu

Nou rive Katedral
Oooo
Mèvèy sou mèvèy
Gadon y'Jezu
Monte Pèpetyèl
Oooo
Sa n' wè n' pa sa pale
Gadon y'Jezu
Rive Sakrekè
Oooo
Mèvèy sou mèvèy
Gadon y'Jezu
Vigo Maria
Oooo
Sa n' wè n'pa sa pale
Gadon y'Jezu

Nan sentiv
Mèvèy
Altagras
Mèvèy
Sen Jozèf
Mèvèy
Matisan
Mèvèy
Nan Kafou
Mèvèy
Miami
Mèvèy
A Boston
Mèvèy
Nan Nouyòk
Mèvèy
O Kanada
Mèvèy
Tout kote n' paseee
Tout moun kontan, de men anlè, y'ape rele
Jezu Jezu Jezu Jezu Jezu Jezu
O Ooooooo

Pandan m' te sou lanmè a, mwen wè yon gwo bato
Abiye tou de blan, se bato le Sentespri
Pandan m' te sou lanmè a, mwen wè yon gwo bato
Abiye tou de blan, se bato le sentespri

Kouri vini
Kouri vini, kouri vini, kouri vini
Men Jezi ap rele ou
Kouri vini, kouri vini, kouri vini
Men Jezi ap rele ou

 Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!

Written by: Manès Morin

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Potpourri Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Potpourri Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 15 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/11599817/Man%C3%A8s+Morin/Potpourri>.

    Missing lyrics by Manès Morin?

    Know any other songs by Manès Morin? Don't keep it to yourself!

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    Who is the best-selling rapper in history?
    A Drake
    B Eminem
    C Tupac
    D Kanye West

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Manès Morin tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!