Kiyès mwen ye (feat. Flow Mortel)
Vic Estima
Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!
Gen sak di'm s'on papiyon Paske'm sòti nan ras cheni Sou chak beat mwen poze vwa'm Wap wè gen MC kap fremi Gen anpil fwa'm te vle bay vag Lanmou'm pou rap fè'm ap jemi Malgré sa'm te toujou bon Paske'm te still f'on rap jeni Like kafou fey se mwen kap desann Nou fè bwi ke bal Son pakèt dinamit mwa desanm Siw fè plis ke sa Jus chèche yon beat poun pran'l a 2 son Siw vle'm kite sa Dayè'm s'on panther nwa kap defann An vrè wi se sa Ou ka dire men'w papa bann Mwen pa kaptènn anba kabann Wap tande vwa'm ap vini Tankou bouzen k'nan pan kabann Tout sak tap dòmi reveye M'son profesi revele Depi'm ap vini debleye Mwen se sèl danje'w dwe veye M'pat gen rapè prefere Depim te travay se peye Rap se pa pou nou'l te kreye Ou pa menm bezwen eseye Pou sèkèy nou m'vinn a tout Planch mwen Poze vinn ak tout branch mwen Mwen oze vinn a poud blanch mwen Rap se yon mouvman koridò Mwen pat kouri kite'l non Paske'm te vle site non'm Mortel M'kwè yon jou nan rap map ofisyèl Map tèlman selèb menm Bondye ap ofri'm syèl Mwen pat kouri kite'l non Paske'm te vle site non'm Mortel M'kwè yon jou nan rap map ofisyèl Map tèlman selèb menm Bondye ap ofri'm syèl Sa vle di'm vinn ak bout manch mwen Si rap te baw plis ke sa Ou tou wèm vinn redwi nan louch ou Pi fasil nou koupe dwèt ki toujou met manje nan bouch ou Si rap pran'm kom juge de ligne Se mwen k'vinn met òje nan touch ou Sinn pran HMI kom empire Wap wè'm te pi Lyon ke Lucious MORTEL Depi'n wè'm la fè yon silans absoli Si game nan ap change faz Sa pa vle di m'paka fon rap solid NON, m'pa fè rap poli, an gro m'pa foli Si tout fwa'w bliye sak rap Fon ti raproche vini'm raple'w li Sou tout beat mwen pase Nou konnen m'son danje Pa panse siw ta blo'm Map mouri san vanje Bay kou bliye nan do pote mak sonje Si sekrèm sou ta blo'm ou oblije chanje Dechaje tout panse'm fè dlo koule nan je Si se bal kap pete ou oblije plonje Damn Chak lè'm monte'on beat Nèg di kyèt sa son diab ankò Nou vle konpare'm Mwen son best map fon dram ankò Diw pi fò pase'm Fò'w ka rèd negro pas encore Dj dj benz ban'm mic la Li di'm rap ankò Piti fon poze Men kounya sa se tou pa'm back Mortalize tout beat Men kounya'w pral wè 2pac back Sa se still pam black, yeah Nèg yo still pa back Lontan se te bone Men kounya sa se still snapback Game nan pat gen fo fim lè nèg rive sou ou se te klatap Kounya chaje Pussy Ou pap pran plis selman ke 3 tap Se vre gen plis mc Mwen pap met plis selman ke 4 tab Map chante rap lontan Dayè map rap a lepòk katab Kou a di nou paka kriye Dlo nan je nou pap ka siye Nou son ban'n bal karotchou Nou fè bwi nou paka tiye Kounya rap kòmanse fèm kwè wi Fènwa'm komanse fè klè wi MC komanse fè kè wi Plezi'm se lè'm poste map met 3 pwen tankou Stephen Curry Sak di Mortel ou funny epaw konn fè egotrip tou Swadizan'w di rap son fanmi epil chaje egoyis tou Nou kriye viktwa fè sakrifis nou koule twasan nèg Ktafal Dad Dejavou yo te plis ke twasan nèg Pwensip lavi yan fòk ou lite sa se reyalite Menm nan yon match football Basa real lite Tan pou rap mwen ta dire, mwen kwè ke mil an ase Menm lè lavi yan pidi kon match Inter-Milan AC Mwen pat kouri kite'l non Paske'm te vle site non'm Mortel M'kwè yon jou nan rap map ofisyèl Map tèlman selèb, menm Bondye ap ofri'm syèl Mwen pat kouri kite'l non Paske'm te vle site non'm Mortel M'kwè yon jou nan rap map ofisyèl Map tèlman selèb, menm Bondye ap ofri'm syèl Cause mwen te trò poze manman'm di'm map sot yon rasta E jan'm depoze, gen moun ki di mwen fè yon rap star Anbisyon'm, se fè bèl mizik ak bèl video Pou tout sak dèyè bloke'm, se atè map fout vide yo Gen moun ki di pou fè rap sa fòk ou gen kapasite Si yap bay 10 rapè rap sa, konn non'm paka pa site Cause mwen antre nan rap, mwen fè pratik sa teyori Sa vinn ban'm plis fanatik, paske lè map chante yo ri Ahahahahah!!!!!!, Mortel, fmbm Dj dj dj benz
Become A Better Singer In Only 30 Days, With Easy Video Lessons!
Citation
Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:
Style:MLAChicagoAPA
"Kiyès mwen ye (feat. Flow Mortel) Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 18 Jun 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/8523301/Vic+Estima/Kiy%C3%A8s+mwen+ye+%28feat.+Flow+Mortel%29>.
Discuss the Kiyès mwen ye (feat. Flow Mortel) Lyrics with the community:
Report Comment
We're doing our best to make sure our content is useful, accurate and safe.
If by any chance you spot an inappropriate comment while navigating through our website please use this form to let us know, and we'll take care of it shortly.
Attachment
You need to be logged in to favorite.
Log In