Kaptif
Règleman Afè Popilè
Watch: New Singing Lesson Videos Can Make Anyone A Great Singer
Solèy la fenk leve Vag yo byen poze Men nan men Pa gen pi bel jou Lanati pot pou yo Men pi douvan se fènwè Pèdi tout sa k te limyè Tan ak rèv neye nan mitan lanmè Debake kwabosal Fanm nan koute 10 pyès Nonm nan koute 15 pyès Karade y ateri Touye M'bala Loupita vin Pati Sou doulè chak kout frèt Chak kout frèt se salè yo 4 6 se salè yo Anndan chan kann nan Pa gen tan pou fanmi Pa gen tan pou souri Pa pa gen tan pou souvni Lavi se kounye Pase ak prezan se menm Demen se kounye Koube, pliye kò yo Fè kòmsi y aksepte sò yo Pou yo pa rive wè tout sa k sou kò yo Ti kal sa yo se refij yo Ti moso mèt la pa wè Fache men l griyen dan li Manje sistèm nan anndan li 1791 Solèy ayè ki pentire kò li Jodia kankannen tout rèv li Mitan lannuit kolon vòlè diyite l Douvanjou pou tanpe lawonte sou figi l Solèy ayè ki pentire kò li Jodia kankannen tout rèv li Mitan lannuit kolon vòlè diyite l Pou pwofite benyen nan sous janm li Gore s on pòt pou lanfè Kwabosal nwaye souri l Chak kout frèt pote yon raj K ap mete mo sou melodi l Kò l ki kouvri Fòs li pou l fè grandi yon plant ak san l Langaj frèt la pran aksan Lè raj mèt la pran aksyon l Dwe fè pouse gwo plantasyon pou koloni pwogrese Yo batize l sou po blese bouch kolon jwi po grese Yo di l suiv viv fò l soumèt siman si mèt la ta sou nèt Li prije po l Si l mande l bwè ji je l Sousi l se sove pol li blije poli lè l mande l Pou l ka jije l li bese fon l sere pèn li anba sousi l Dosil si li l ap kòmande l ap travay depi kòk chante Raso nan do l po l mèt leve rèl libète sè l kò l chante Nan feyte memwa l li kreye lafrik non chan kann Espas libète l menm kòd nwa kolon pa ka pann Pa gen tan pou l reve chak maten l lite Chak swa laling mèt pa leve etwal souvni l yo briye Nan kriye li kreye yon lang nan lakou l òganize l Byennèt lavi l pa ret lavil hounfò l se fò li reyalize l Kongo kongo Nago nago Voye rele rara pou mwen pou mennen m ale Kongo kongo Nago nago Voye rele rara pou mwen pou mennen m ale Kongo kongo Nago nago Voye rele ginen pou mwen pou mennen m ale Mennen m ale Mennen m ale Mennen m ale Mennen m aleeeee Kolon an te g on esklav San Sousi se t on kaptif Pou blan an l pa panse Nan tèt li 2 konsyans k ap beef Pitit okenn manman San sousi pa t gen vi prive Li se moun Sa okenn moman L pa gen t sousi pwouve Men l pa t yon Douglas Frederic Li te g on pwojè politik Kase kòd, ki mare libète l n on pil atik Li koupe kann a men goch, li bay lamen a men dwat Sou plasaviv la l agoch, devan mèt la li byen dwat Li konnen byen, li pa t gen byen, si l travay byen se pou l te kenbe vi l Men mak sou po l di l s on rebèl malgre randman l sa pap jan m chanje vi l Yon swa l ap priye, lespri yo pou pwoteje l Pandan l ap kriye, madanm li vin bò kote l Li rakonte l, mèt la vle kò l chak jou l ap plede miyonnen l Men karès yo pa donte l fò l ta f on jan l anpwazonnen l Mama, sere koze w, kò w pa w, kouman yo ta fè mennen l Li bobo l, ba l randevou nan mòn epi l fèmen men l
The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com
Written by: Andy Antoine, Claude Julien, Romary Telcin, Vanessa Jeudi, Wedly Mozeau
Lyrics © DistroKid
Lyrics Licensed & Provided by LyricFind
Citation
Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:
Style:MLAChicagoAPA
"Kaptif Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 16 May 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/5726453/R%C3%A8gleman+Af%C3%A8+Popil%C3%A8/Kaptif>.
Discuss the Kaptif Lyrics with the community:
Report Comment
We're doing our best to make sure our content is useful, accurate and safe.
If by any chance you spot an inappropriate comment while navigating through our website please use this form to let us know, and we'll take care of it shortly.
Attachment
You need to be logged in to favorite.
Log In