Wale by Sensation Recordz

by James Balad - Jv KrisRapLa - BPD - Jamy - Koz Fenomenal - Jennie Mily - Kataboula - Joel - Djihey Me




WALE lyrics by Sensation Recordz 

JAMES 
Gen dlo ki pap janm sispann koule,
Gen vid ki pap janm konble,
Gon bann souvni ki pap janm efase,
Gen moun ou pap janm bliye,
Nou konnen nou nan yon vi tout ti vis,
Men nou pat pare pou'n t tris,
Nan nou zèv ou yo imòtalize.

CHORUS 
Wale, nan fon ke nou ou kite yon pakèt sikatris,
Fanmi, zanmi, fanatik ou kite tout tris,
Pouki se saw fè n lanmò, ou pranl ou ALE
Wale, nan fon ke nou ou kite yon pakèt sikatris,
Fanmi, zanmi, fanatik ou kite tout tris,
Pouki se saw fè n lanmò, ou pranl ou  ALE.

BPD
Lanmò son pasaj oblije, vle ou pa fòw pase ladan'l, 
Lèzòm c vre mkonnen'n mechan men poukisa nou pase pran'l,
Franchman m paka pantan pou sa paske nou chak gon dènye jou,
Gouvène toutan nou kapab, jijman an c o dènye jou, rip

JAMY
Lanmò pa konn fanmi, 
Lanmò pa gen zanmi,
Si'w wè jodia li mouri c pa yon chwal fè, 
Li pa konn sil la pou paradi, li pa konn sil la pou lanfè,
Vil fè 3 pati, lanmò se gran pwisans li ye,
Li pa nan patipri, li pa konn fanmi, li pa konn gwo palto, li pa konn gwo chato.

KOZ FENOMENAL
Mesye sa, pa konn gwo zouzoun, ni gwo zotobre, 
Lè jou pou'l vin frapew la, lap vin pranw nenpòt kotew ye,
Li pat bezwen konn siw pare, pou'l vin met dlo nan je,
Lavi short nego, 
Li pa konn ni rich, ni pòv, ni nwa ni blan han han. 

G-NY MILLY
Msantim paka kenbe ankò,
Zantray mwen kap rache,
Men poukiw fèm mesye lanmò,
Nan jem pap fin seche WALE, WALE
WALE, fanmi, zanmi pap wèw ankò
WALE, nan kè n nap ret renmenw pifò
WALE, WALEEEEE. 

CHORUS 
Wale, nan fon ke nou ou kite yon pakèt sikatris,
Fanmi, zanmi, fanatik ou kite tout tris,
Pouki se saw fè n lanmò, ou pranl ou ALE
Wale, nan fon ke nou ou kite yon pakèt sikatris,
Fanmi, zanmi, fanatik ou kite tout tris,
Pouki se saw fè n lanmò, ou pranl ou ALE

KATABOULA
Chuuiiiii yaaaa, yow
Mpa kwè dlo nan jem ap seche,
Avan lè konsa nou prale,
Lanmò sa rèd, sa banm remò lèm gade mwè w elimine,
Ou tap goumen pou yon sèl kòz, c domaj ou abondone, 
Malgre sa tou, nou pap kanpe Nouvèl sa tris menm pap varye chuiii chuiiii chuiiii.

JOEL
Woyo woyo woyo
Nou pa kapab ankò 
Woyo woyo woyo
Soufrans sa rèd man
Woyo woyo woyo
Ou kite n ak dlo nan je
Woyo woyo woyo
Pap di yon mo

DJIHEY MET AFÈ
Pou mwen ou t pliske yon fanmi,
Pou mwen ou t pliske yon zanmi,
Pouki lanmò chwazi ban gwosè kou sa,
Pandan n pat menm prepare pou sa,
Jodia etwal paw lan file,
Men nan memwa n wap toujou rete. 

BPJ 
Li pap janm din lèl ap vini,
C nou tout nèt lap avili,
Pa gen moun ki pa konn sa tris,
Pou li nou chak gon sikatris, 
Li pa bezwen konn siw atis,
Lanmò pa janm nan fè rasis, ni ti kapris
Kondoleyans ak tout fanmiw,
Ou menm nap jis diw RIP.

CHORUS 
Wale, nan fon ke nou ou kite yon pakèt sikatris,
Fanmi, zanmi, fanatik ou kite tout tris,
Pouki se saw fè n lanmò, ou pranl ou ALE
Wale, nan fon ke nou ou kite yon pakèt sikatris,
Fanmi, zanmi, fanatik ou kite tout tris,
Pouki se saw fè n lanmò, ou pranl ou. ALE

DMC
Pou ou frèm c pa san te swete,
C domaj men sa rive, nan lespri nou wap toujou rete, 
Zanmim wale, wi nou konn saw te reprezante, 
Di mwen poukisa w chwazi vire, ou kite on pèp ak dlo nan je,
Si gon dènye mo'm ka diw, li pa lot ke adye,
Msantim pa kapab ankò, mviv ak twòp remò, 
Mezanmi gadon lanmò
Msantim bouke, edem souple.

JGADX FLEVA
Woo oooo 
O! Mon petit frero ou ale, 
Jou sa tankou flewo li frape n
Ou pran devan dèyè nan rive, 
Jgadx Fleva chante JOU'M ALE
Kew vlel, kew pa vlel nou tout ap pase,
Son pasaj oblije nou tout konn sal ye,
Menw ale twò jèn men nou oblije,
Repoze an pè ti frè m pou ou nap priye,

SARA DÉLICE
Bagay sa twò dur, nou paka pa kriye
C yon evènman ki mete dlo nan je,
Paka kanpe li blesem jouk nan zom
Tankou yon moun ki pran yon kout kouto,
C vre nou tout, nou gen pou'n ale
Kèlkeswa klas sosyal la, ou gen pou'w ale,
Nou tout gen pou'n pase nan menm chimen an, chimen an. 

CHORUS 
Wale, nan fon ke nou ou kite yon pakèt sikatris,
Fanmi, zanmi, fanatik ou kite tout tris,
Pouki se saw fè n lanmò, ou pranl ou ALE
Wale, nan fon ke nou ou kite yon pakèt sikatris,
Fanmi, zanmi, fanatik ou kite tout tris,
Pouki se saw fè n lanmò, ou pranl ou ALE

Written by: ThaProducer

Submitted by: barthelemy.jeansylvio on December 31, 2020

© Lyrics.com