Etik èt

Star-click

0 fans

Star-click


3:15

 The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com

Yeah
Anh
360 degre
Rendez-vous sur pluton
Yon grenn sab ka pete je w men w pap ka abrite dèyè l
M aprann lè sajès ap fè pouswit dèyè l pa kite kerèl
M dwe mizik tout santiman mwen paske li pap brize m
M brake avèl li frape konsyans men jamè l pap fizye l
Pouw kòmanse onèt se tèt ou dabò pou w bay respè
Mwen m konnen kote m soti a onè pa bay respè
Mounite w kache dèyè pozitivite ou aplike
Se lè wap gade boniface wap wè bote pat janm kalite
Manti pap janm verite menm si yon gran pati konfime l
Lèw paka peur ankò w pa gen lòt chwa ke vin courageux
Pou kapasite w isit yap fèw pati kon fumé
Ranpe ak pasyans si avèk diyite w vle mache
Roodjerry dim depi lajan ka achte l li pa chè
Kiyès kap byen antoure ak yon ekip frè ki pap fyè
Lavi banm tou vid pandan l konnen mwen m pap pa niquer l
Lèw wè se sòt ki prime entelijan pap pa panike

Kwèm nan difikilte sou tèt ou pou w premye konte
Devan lajan ak lè w nan mizè wap konn kiyès ou ye
Lajan pa chanje pèsòn se vrè vizaj ou li montre
Ou ka egziste men w pap viv depi ou demounize
Saj fòk ou gn pasyans
Raj pa rayisans
Ras fòk ou gn konsyans
Gras avèk bon sans
Se sa ki mal la yap sonje sou ou ki pral etikèt
Kiltive love preche lapè ann aprann sak etik èt

Ou gen pou w mouri bat pou aksyon w immortalisé w
Pa mezire profondè lanmè ak pye w si w pè neye
Pa  janm gad kote w tonbe pito w gad kot pye w te glise
Achte yon chyen si tout fwa w vle gn prèv fidelite
M vin zanmi desten m mwen paske m wè m paka chanje l
Aji byen ak honnêteté bat pou l pa janm elwanye
Bòy la gon je k anpeche l wè menl pa anpeche l kriye
Ou mèt fèmen limyè a nan bwat sa pap anpeche l briye
Toujou bat pou w pa pèdi prestige ou pou ti couronne
Ret tèt frèt nan yn peyi cho goumen pou w yon icône
Nou envante mont men pa gen moun ki mèt tan an
Nan yon vi w pran tan pou w grandi men pou mouri w pa pran tan an
Nou nan fas ilizwa mond lan ou pa konn vrè fas li
Nou pèdi tout esperans men jamè espwa pati
Konnen isit lè w twò good yo pwofite w san dola
Fè efò pou tèt ou paske gran trône pa vle di gran roi

Kwèm nan difikilte sou tèt ou pou w premye konte
Devan lajan ak lè w nan mizè wap konn kiyès ou ye
Lajan pa chanje pèsòn se vrè vizaj ou li montre
Ou ka egziste men w pap viv depi ou demounize
Saj fòk ou gn pasyans
Raj pa rayisans
Ras fòk ou gn konsyans
Gras avèk bon sans
Se sa ki mal la yap sonje sou ou ki pral etikèt
Kiltive love preche lapè ann aprann sak etik èt
Kwèm nan difikilte sou tèt ou pou w premye konte
Devan lajan ak lè w nan mizè wap konn kiyès ou ye
Lajan pa chanje pèsòn se vrè vizaj ou li montre
Ou ka egziste men w pap viv depi ou demounize
Saj fòk ou gn pasyans
Raj pa rayisans
Ras fòk ou gn konsyans
Gras avèk bon sans
Se sa ki mal la yap sonje sou ou ki pral etikèt
Kiltive love preche lapè ann aprann sak etik èt

 The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com

Written by: Smaille EUGENE

Lyrics © DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Etik èt Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Etik èt Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 24 Apr. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/6696287/Star-click/Etik+%C3%A8t>.

    Missing lyrics by Star-click?

    Know any other songs by Star-click? Don't keep it to yourself!

    Watch the song video

    Etik èt

    2,568
    26     0

    Browse Lyrics.com

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    "Another one bites _______"?
    A the bun
    B the dust
    C the tounge
    D the air

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Star-click tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io


    Think you know music? Test your MusicIQ here!