Deklarasyon

Elder Charlot

0 fans

Elder Charlot


3:27

 The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com

Bonswa Manmi
Ayè m te pase kote w Mariz di w deplase
Ou do t èy nan dlo
W a gad nan bifèt la dèyè ti kivèt la
M sere on sachè bonbon siwo
M panse m t ap la lè w retounen
M te vle ba ou li nan de men
Yon ti pawòl nou dwe diskite
Men domaj mwen pat ka rete
Ni m pap pran twòp tan w
M konnen w si okipe
Tanpri padone m pou fot avèk rati
M fè anpil madjigridji m tap ekri nan prese
Li enpòtan pou m di w pou sa m ekri w e m te vle je n kwaze
Men pou on lòt fwa ankò desten mennen m on lòt kote
M anvi mande w marye men m pap kapab san m pa posede
Cheri m dwe vwayaje bouske lavi tout kote m pase
Avè w m vle ret soude distans pap janm rive separe n
M vle pran responsabilite m devan la sosyete
Cheri m deklare
Kè mwen pou ou li ye
Mwen konnen l pa fasil men fò n kenbe la
M pap jam kite w dòmi san w pa tande vwa m
Menm lè n ta fè ti kont ti fache fò n toujou rekonsilye
Sonje pou sa n lite bebe
E lè bagay yo bon se transfè chak mwa
M pa bliye dènye iPhone ou te vle a
lè tchotcho a tonbe sonje peye lekòl la
Rès la pou bal al fè limena
E lè m retounen n a va selebre
Zanmi fanmi tout va rasanble
Sou chè legliz la
Lè m fin ba w bag la
Je m va koule dlo kon ti bebe
Monpè pa mize mennen n ale
Nou y ap tann pou fèt la komanse
Manmi Papi pral mande l danse
Ala on gran jou lè rèv ou vin reyalite
M anvi mande w marye men m pap kapab san m pa posede
Cheri m dwe vwayaje bouske lavi tout kote m pase
Avè w m vle ret soude distans pap janm rive separe n
M vle pran responsabilite m devan la sosyete
Cheri m deklare
Kè mwen pou ou li ye
(Tout vi mwen se ou m ap tounen jwenn ou, ret kwè nan lanmou)
Cheri m sèmante
Pou jouk souf mwen koupe
(M ap goumen pou nou, m ap tounen jwenn ou, Ret kwè nan lanmou)
(…)
Cheri m deklare
Kè mwen pou ou li ye
(Tout vi mwen se ou m ap tounen jwenn ou, ret kwè nan lanmou)
Cheri m sèmante
Pou jouk souf mwen koupe
(M ap goumen pou nou, m ap tounen jwenn ou, Ret kwè nan lanmou)
Na na na i na na ye

 The easy, fast & fun way to learn how to sing: 30DaySinger.com

Written by: Elder Joseph

Lyrics © O/B/O DistroKid

Lyrics Licensed & Provided by LyricFind

Discuss the Deklarasyon Lyrics with the community:

0 Comments

    Citation

    Use the citation below to add these lyrics to your bibliography:

    Style:MLAChicagoAPA

    "Deklarasyon Lyrics." Lyrics.com. STANDS4 LLC, 2024. Web. 27 Sep. 2024. <https://www.lyrics.com/lyric-lf/12986947/Elder+Charlot/Deklarasyon>.

    Missing lyrics by Elder Charlot?

    Know any other songs by Elder Charlot? Don't keep it to yourself!

    Quiz

    Are you a music master?

    »
    Which Pixies song appeared in the movie Fight Club?
    A Here comes your man
    B Debaser
    C Where is my mind
    D Monkey gone to heaven

    Free, no signup required:

    Add to Chrome

    Get instant explanation for any lyrics that hits you anywhere on the web!

    Free, no signup required:

    Add to Firefox

    Get instant explanation for any acronym or abbreviation that hits you anywhere on the web!

    Elder Charlot tracks

    On Radio Right Now

    Loading...

    Powered by OnRad.io